Dèyè Match laMATCHLAB
AYITI 2.0 • INTELLIGENCE & TECHNOLOGY

DÈYÈ MATCH LA

Gen plis pase skò a.

Nou pa sèlman gade match la. Nou li sa ki kache dèyè li.

Yon emisyon vizyèl anviwon 10 minit, an Kreyòl, ak yon sèl prezantatè. Chak epizòd pran yon kesyon foutbòl epi itilize done, teknoloji, AI ak analiz taktik pou montre sa k ap pase reyèlman — ak sa sa vle di pou Ayiti.

Konsèp la

Yon lòt fason pou konprann espò.

Foutbòl se pòt antre a. Teknoloji, done ak sistèm yo se istwa a. Nou kòmanse ak foutbòl, epi gen plas pou lòt espò pita.

01

Teknoloji & AI

VAR, kamera tracking, biomekanik, AI scouting: zouti k ap chanje kijan yo jije, antrene ak chwazi jwè.

02

Done & taktik

xG, kat chalè, rezo pas, presyon: nou montre sa chif yo di — epi sa je a pa toujou wè.

03

Ayiti & lavni foutbòl

Akademi, dyaspora, enfrastrikti, sistèm: chak analiz fini sou yon kesyon — sa sa vle di pou nou?

Fòma a

Kijan yon epizòd mache

~10 minit • yon sèl prezantatè • yon emisyon eksplikasyon. Pa gen entèvyou, pa gen deba, pa gen panèl.

  1. ETAP 1
    Gwo kestyon an

    Yon sèl kesyon klè ouvri epizòd la.

  2. ETAP 2
    Egzanp match / sekans

    Yon aksyon, yon sekans oswa yon desizyon nou dekoupe.

  3. ETAP 3
    Done, taktik ak teknoloji

    Grafik, animasyon ak demonstrasyon vizyèl pote eksplikasyon an.

  4. ETAP 4
    Sa sa vle di pou Ayiti

    Nou mennen leson an lakay: federasyon, akademi, jèn jwè.

  5. ETAP 5
    Konklizyon

    Yon repons kout, yon lide pou kenbe.

Premye sezon • 10 kesyon

Dis kesyon pou kòmanse

Tit travay editoryal yo. Epizòd yo ap vini — anyen pa pibliye ankò.

BYENTO
EPIZÒD 01

Lè Teknoloji Vin Jij Foutbòl la

BYENTO
EPIZÒD 02

8–2 : Repons Ayisyen an

BYENTO
EPIZÒD 03

Migné : mirak, kritik, oswa audit sistèm nan?

Dr. J — Entelijans ak Teknoloji
Prezantatè a

Yon emisyon, yon prezantatè, plizyè fason pou wè jwèt la.

Ak Dr. J

Se pa yon tèt k ap pale devan yon kamera, ni yon panèl. Se vizyèl yo ki pote istwa a: animasyon, grafik done, analiz videyo, demonstrasyon taktik — yon sèl vwa ki gide w atravè yo.

AnimasyonGrafik doneAnaliz videyo
Afich & vizyèl

Dèyè chak match, yon istwa.

Afich Dèyè Match la — AI, VAR, Done, TaktikMagTech: Le Brésil a gagné le match. Haïti a gagné le respect.
MATCHLAB / TACTICAL VIEW● LIVE
31.4 km/hVAR • REVIEW
DÈYÈ MATCH LA
Foutbòl • yon prezantatè • analiz vizyèl teknoloji
BOUYON BASKET
NBA • de vwa, yon konvèsasyon • data & kilti

Skò a se kòmansman an. Ann gade dèyè l.